Entèvansyon Ayiti bezwen toutbon vre a
Lafòs p ap ede derasinen kriz peyi a. Bon jan politik sou kondisyon finans peyi a e ki fèt ak entèlijans ap ede.
Pandan Ayiti sou yon move pant avèk vag kidnapin, ensekirite ak vyolans gang k ap rekòmanse, gwo peyi ak pouvwa ki nan lwès yo te deside vini ak menm mòd estrateji avan yo pou chèche estabilite pou peyi a: sanksyon kont elit ayisyen ki nan tèt kole ak gang yo ak efò pou ranfòse polis nasyonal la. Pandan tan sa a, apre prèske yon ane ap fè deba, aktè entènasyonal tankou Kenya ak Etazini fè yon pa ann avan pou reponn apèl Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry, pou yon lòt entèvansyon etranje nan peyi a.
Pandan Ayiti sou yon move pant avèk vag kidnapin, ensekirite ak vyolans gang k ap rekòmanse, gwo peyi ak pouvwa ki nan lwès yo te deside vini ak menm mòd estrateji avan yo pou chèche estabilite pou peyi a: sanksyon kont elit ayisyen ki nan tèt kole ak gang yo ak efò pou ranfòse polis nasyonal la. Pandan tan sa a, apre prèske yon ane ap fè deba, aktè entènasyonal tankou Kenya ak Etazini fè yon pa ann avan pou reponn apèl Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry, pou yon lòt entèvansyon etranje nan peyi a.
[Read this article in English]
Wòl apwòch kominote entènasyonal la kapab kite plas pou pinisyon, men nenpòt estrateji ki konsantre sèlman sou jistis penal oswa demach sekirite ki gen yon estil militè, estrateji sa a kondane pou l echwe, menm jan entèvansyon Etazini avan yo te echwe. Aktivite gang sa yo ki tout kote epi Leta asepte a, se egzanp ki pi vizib ki montre prensipal kòz katastwòf Ayiti a, malgre anpil mou pa rekonèt sa: Sistèm delabre finans peyi a se yon eritaj ki soti nan pase kolonyal li.
Dolarizasyon, devalorizasyon ak enflasyon depase ki detwi ekonomi Ayiti a epi ki mete pi fò Ayisyen nan povrete, se jis yon dènye brik nan konstriksyon yon kriz finans ki te kòmanse depi plizyè syèk. Efò entènasyonal yo kapab reyisi sèlman si yo espoze istwa brital kolonizasyon Ayiti a epi si gen reparasyon pou sa. Olye gwo peyi ak pouvwa ki nan lwès yo sèvi ak lafòs ankò—espesyalman Lafrans ak Etazini—yo ta vini ak yon politik sou finans ansanm ak zouti finansyè pou ale nan rasin kriz Ayiti a epi ede peyi a retabli endepandans finansyè li.
Lè Lafrans kolonize Sendomeng, kòm se non sa a yo te bay Ayiti nan 18yèm syèk la, se te kòmansman plis pase 2 syèk enperyalis finansyè. Sa te kòmanse avèk monopòl komèsan fransè yo, ki te vini avèk revolisyon sik nan zile Karayib yo epi peple zile sa yo ak kolon blan ansanm ak moun yo te mete nan esklavaj ki te soti Afrik de Lwès. Apre on ti tan, Sendomeng tapral devni koloni ki bay plis rannman nan monn lan.
An 1720, apre plizyè gè ki te koute wa Lafrans Louis XIV chè, gouvènman wa a te deside se koloni an—sitou esklav yo—ki dwe travay pou peye gwo gwo dèt Lafrans yo. Lafrans te sèvi ak monopòl li genyen sou komès esklav ki pou ale Sendomeng kòm garanti pou fè dèt li tounen bon jan aktif. Li te fè sa nan vann aksyon bay yon gwoup konpayi komès mondyal ki te rele Konpayi Lèzend. Demach sa a kote Lafrans te vle fè yon revolisyon finansman ak dèt li yo te echwe, sitou nan fen ane 1720 yo, men sa te montre detèminasyon Lafrans pou l te mete Ayiti anba zòd li pou pwòp enterè finansye ak politik li.
Apeprè nan menm epòk la, pandan tansyon t ap ogmante ant dirijan plantè blan Sendomeng yo, administratè kolonyal yo ak kominote nèg mawon koloni yo—gwoup moun ki te chape sove anba esklavaj—administratè franse yo te mete yon sistèm milis an plas kont esklav ki sove. Moun ki lib, te gen moun nwa tou pami yo, yo te anchaje pou kaptire epi pini tout mawon nan koloni an ki te chape al sou tèt mòn oswa bò fwontyè. An reyalite, milis sa yo se te gwoup gang prive ki resevwa finansman piblik, epi lè yo te kòmanse sèvi avèk yo otomatikman nan ane 1720 yo, se te kòmansman yon kilti ensekirite lokal ak laterè piblik-prive ki toujou lakòz anpil dega ak domaj nan sosyete sivil ayisyen an jis jodi a.
Revolisyon 1791-1804 la te abouti ak endepandans Ayiti, men sa pa t libere peyi a nèt anba men Lafrans. An 1825, Lafrans te fòse Ayiti peye yo yon dedomajman 150 milyon fran kòm kondisyon pou yo rekonèt endepandans Ayiti (deja pran an). San okenn pidè, Lafrans te twouve sa te jis pou fè Ayiti peye gwo amann sa a kòm yon fòm reparasyon pou ansyen pwopriyetè esklav yo. Se yon bagay ki difisil pou moun konprann lojik devan dèyè aranjman sa a: Dapre demann sa a, pèp ayisyen an yo te mete nan esklavaj te dwe dedomaje moun ki t ap maltrete yo pou pèt pwopriyete yo—pwopriyete sa yo se pa sèlman tè non, se ansyen esklav yo tou wi. Anba menas yon entèvansyon militè, Ayiti aksepte peye gwo lajan sa a.
Malgre Lafrans te vin diminye nan kantite lajan yo te mande a pi devan, yo te fòse Ayiti aksepte finanse vòl sa a ak yon prè 30 milyon fran ki soti nan bank fransè sèlman—sa a se te premye nan plizyè lòt prè byen chè ankò. Doub dèt sa a—ki rele « ranson » an, dapre yon ankèt estwòdinè jounal New York Times te fè nan mwa me 2022 sou lajan sa a—te pran gouvènman ayisyen an plis pase yon syèk pou l peye l. Alafen Ayiti te peye Lafrans yon total 112 milyon fran, oswa 560 milyon dola nan lajan jodi a. Sa te vin redui chans pou peyi Ayiti devlope enstitisyon finansyè ak enstitisyon demokratik ki djanm, pandan pi fò pati 19yèm syèk la ak 20yèm syèk la.
Eritaj dedomajman 1825 la konekte Fransè ak Ameriken, kit piblik kit prive, nan yon vye rezo lèd kote yo ogmante richès yo sou do pèp ayisyen. Bank Lafrans te delege kontwòl avni finansyè Ayiti bay yon seri gwo bank entènasyonal ki baze nan vil Pari. Bank ki pi enpòtan nan mitan bank sa yo, se youn ki rele « Credit Industriel et Commercial (CIC) », ki te vin responsab doub dèt Ayiti a nan ane 1870 yo epi san pèdi tan yo te bati premye bank santral Ayiti a nan ane 1880 pou sèvi fasad pou pwòp enterè pa yo ak lòt enterè finansyè Lafrans.
Nan kòmansman 20yèm syèk la, sektè finans Wall Street nan Etazini, ki t ap chèche avanpòs finansyè nan Karayib la apre anpi ameriken nan Espay te pran fen an 1898, te kòmanse ap foure bouch li nan konvèsasyon Depatman d eta ameriken sou avni Ayiti. Lè envestisè franse ak alman te reyòganize bank santral Ayiti a sou fòm yon gwoup enstitisyon miltinasyonal an 1910, Sekretè d eta ameriken an, Philander Knox, te ankouraje National City Bank, bank ki rele Citibank jodi a, pou l pran yon pati nan antrepriz la. Aksyonè fransè yo pa t twò cho pou Etazini antre nan koze a, men yo pa t gen ase pouvwa pou anpeche okipasyon militè ameriken ann Ayiti ki te kòmanse an 1915.
Entèvansyon sa a, ki te dire jiska 1934, te bay Etazini tout kontwòl sou Bank Ayiti a, epi yo te asire yo peman pou doub dèt la pase an sekirite pa kanal Wall Street. Okipasyon militè a ak kontwòl Wall Street sou finans piblik Ayiti te travay men nan men, e youn te jistifye lòt, youn te sipòte lòt. Nan lane 1920, National City Bank te achte pati rès envestisè ewopeyen yo nan bank nasyonal ayisyen an. Lajan ki te konn ale nan bank franse yo—prèske mwatye nan revni piblik Ayiti a—te vin ap antre nan kès Wall Street e sa te kontinye fèt pandan 13 an apre okipasyon an.
Okipasyon ameriken an te yon blokaj ni pou devlopman politik Ayiti ni pou devlopman ekonomik li. Kontwòl lame ameriken an te ankouraje enstitisyon peyi a simen latèrè ak represyon, yon bagay ki te debouche sou tonton makout yo, fòs polis pèsonèl efreyan diktatè François Duvalier ak pitit gason l, Jean-Claude, soti nan fen ane 1950 yo pou rive nan ane 1980 yo. Kalte ekonomi gangstè Ayiti gen kounye a, se rezilta dirèk sitiyasyon avan an. Jounen jodi a, politisyen ayisyen ak gwo pwopriyetè biznis, yo sispèk ki konekte ak gang òganize yo, yo konnen menm jan ak dirijan ki te vin anvan yo, pou yo gen pouvwa ak lajan yo dwe kapab simen latèrè nan mitan popilasyon an epi kontwole tout enfrastrikti enpòtan ki nan peyi a.
Gen yon egzanp byen klè kote youn nan gang ki pi koni ann Ayiti yo fenk sot fèmen wout prensipal ki mennen nan pò Pòtoprens lan, kon sa yo kapab bloke chajman gaz ki soti nan Houston e sa tou pèmèt yo pran tout sistèm transpò nasyon an ann otaj. Istwa koripsyon pwofonde sa a, ki jwenn jarèt ni anndan ni deyò peyi a, se sa ki esplike batay Etazini ak Kanada ap mennen lè yo pran sanksyon kont elit ayisyen yo, se yon batay difisil.
Pandan tan sa a, apre dezyèm Gè mondyal la, dola ameriken an ki vin ranplase liv Esterling lan kòm lajan ki domine nan monn nan, anba sistèm Bretton Woods la, sa vin agrandi otorite finansyè Washingtonn ann Ayiti ak lòt kote nan mond lan. Enfliyans dola a te vin ogmante sèlman lè Prezidan Etazini Richard Nixon te vin separe dola a de lò estanda a nan ane 1970 yo, e sa te tou louvri wout pou kesyon to echanj lib ak aktivite sofistike chanje lajan lòt peyi nan tan pa nou an.
Sitiyasyon kote tout bagay se an dola nan ekonomi Ayiti a, ki te kòmanse nan kòmansman 20yèm syèk la, sa lakòz goud ayisyen an se sèlman non lajan nasyonal li pote. Prèske tout tranzaksyon entènasyonal Ayiti fèt an dola sèlman. Pafwa menm nan tranzaksyon enfòmèl anndan Ayiti, se dola yo vle itilize, men se youn youn Ayisyen ki ka jwenn dola, paske ata transfè lajan fanmi moun yo ki nan Amerik di Nò voye pou yo, se an goud yo resevwa yo, an jeneral. Epi Ayisyen pa gen twòp bagay yo ka achte ak goud la. Rejim Rezèv Federal ameriken gen kounye a pou konbat enflasyon an, li plis lakòz degrenngolad goud la: Plis to enterè a pi wo plis dola a gen valè fas a goud la. Soti 2022 pou 2023 sèlman, valè dola a pase de 100 goud a 150 goud.
Ayisyen pa poukont yo nan move sitiyasyon finansyè yo a. Men Ayiti se tankou piyonye ki te anonse katastwòf finansyè o nivo entènasyonal la. Eta terib lajan peyi a ak ekonomi li te bay yon lide sou sò anpil lòt peyi ki te pase anba kolonizasyon, soti Venezyela rive Tinizi. Pa gen anpil peyi jodi a ki pa santi konsekans domaj dolarizasyon an ak enflasyon egzajere a. Men, se pa yon rezon pou Etazini ak Lafrans renonse ak responsablite espesyal yo genyen nan sa k ap pase Ayiti a, paske tout sa se konsekans wòl dirèk yo genyen nan katastwòf finansyè peyi a twouve l ye kounye a.
Pou retabli otonomi ekonomik Ayiti se yon gwo defi san limit ki mande sakrifis bò kote peyi oksidantal ki pi rich yo, sitou Lafrans ak Etazini.
Pwen depa a se ta dwe revandikasyon lejitim pèp ayisyen an yo menm. Gen yon pakèt ak yon bann entelektyèl ayisyen depi nan 19yèm syèk ki te kòmanse pale de lajan dedomajman an kote yo te kondane dedomajman sa a. An 2004 ki te make 200 lane endepandans Ayiti a, ansyen prezidan ayisyen an Jean-Bertrand Aristide te fè demand ofisyèl pou Lafrans remèt 21 milya dola bay Ayiti. Sa koresponn ak pi bon estimasyon nou genyen, ki baze sou ipotèz ki fèt ak prekosyon, sou pri ekonomik doub dèt la koute Ayiti jounen jodi a. Montan sa a konsidere tou opòtinite rate pou kèk envestisman anndan peyi a (dapre Pwojè New York Times lan, pri ekonomik la ka rive jiska 115 milya dola).
Men, Lafrans se pa sèl patisipan nan ka sa a ki gen obligasyon moral ak istorik pou sitiyasyon an. Genyen tout yon rezo otorite leta ak enstitisyon finansyè prive ki te pwofite de dedomajman an—anba direksyon sistèm Rezèv Federal ameriken an, Bank Lafrans, Crédit Mutuel (gwoup finansyè ewopeyen an ki posede CIC kounye a) ansanm ak Citibank—yo tout ta dwe fè aranjman pou yon fon 21 milya dola an rezèv nan Bank peyi d Ayiti.
Paris Club, yon gwoup enfòmèl plizyè nasyon kreyansye, te kapab bay yon fowòm pou Lafrans ak Etazini, ansanm ak Ayiti, detèmine ki moun ki ta dwe peye ki sa epi ki kondisyon Ayiti dwe ranpli anvan pou kès leta peyi a ta kapab resevwa lajan an. Kondisyon sa yo ta dwe defini nan tèt ansanm ak dirijan sosyete sivil Ayiti a—ki parèt nan Akò Montana a, yon gwoup k ap chèche gide peyi a nan direksyon pou nouvo eleksyon. Yon kondisyon nesesè, se ta omwen òganize eleksyon nasyonal ki lib epi ki jis nan yon klima sekirite.
Men tou, annik ekri yon chèk 21 milya dola, sa p ap ko prèt pou rezoud malè ekonomik peyi a. Ni Lafrans ni Etazini, ansanm ak lòt aktè responsab yo, kit piblik kit prive, yo bezwen louvri tou yon dezyèm chan batay san pèdi tan nan lagè kont kriz finansyè Ayiti a nan ede pran pi bon desizyon posib nan itilizasyon finans ak komès peyi a.
Premyèman, aktè sa yo bezwen travay ansanm ann ijans, pou kanpe bon jan operasyon echanj komès. Bank santral yo sèvi ak operasyon echanj komès etranje pou enfliyanse to echanj, yo vann yon lajan rezèv pou fè yon lòt gen plis valè. Nan ka sa a, bank santral yo ta dwe mete efò yo ansanm pou ranfòse goud la parapò ak dola a.
Ni Lafrans ni Etazini ak lòt nasyon Atlantik Nò yo ta dwe tou ankouraje akò komèsyal ki plis benefisye Ayiti. Kòm avèk yon goud ki gen plis valè, Ayiti ap kapab resevwa plis lajan pou ekspòtasyon l ki prale nan peyi Etazini, Ayiti pral bezwen sipò pou devlope kapasite ekspòtasyon ase ki ka ede redui presyon ki egziste akoz yon mank ekilib nan peman li yo. Etazini ta dwe ni renouvle ni elaji lwa ki deja egziste, tankou Lwa sou Ankourajman Patenarya ak Opòtinite pou Ayiti nan Emisfè a ansanm ak Lwa sou Pwogram Redrèsman Ekonomik Ayiti—sa yo se de lwa ki pral ekspire an 2025, ki ranfòse sektè rad ayisyen an. Genyen tou gwo posiblite pou elaji mache nò ameriken pou pwodui agrikòl ayisyen yo, tankou kafe ak kakawo.
Finalman, Ayiti bezwen soulajman total dèt li yo epi an pèmanans. Bank mondyal ak Fon monetè entènasyonal te trase egzanp lan, lè yo te anile 1,2 milya dola dèt piblik ekstèn Ayiti an 2009, apre anpil reta, epi yon lòt fwa ankò an 2010 apre gwo tranblemanntè a. Rezilta sa te bay, sèke rapò dèt piblik ekstèn Ayiti a te bese soti nan anviwon 19 pousan an 2009 pou rive nan anviwon 9 pousan an 2011. Men, apre sa li te kòmanse tounen monte. Kounye a, pisans Atlantik Nò yo ak òganizasyon entènasyonal yo ta dwe non sèlman anile dèt Ayiti, men tou rekonèt dèt sa a gen yon istwa ki soti byen lwen e twò lèd pou yo ta kontinye sèvi avè l nan okenn relasyon finansyè ak peyi a, pi devan. Sa pa vle di Ayiti ta dwe retounen depann de èd etranje sou fòm sibvansyon. Olye de sa, ranfòsman goud Ayiti a ta dwe yon priyorite, paske yon lajan ayisyen ki gen pouvwa acha reyèl ap kapab miltipliye pa limenm, menm jan lajan nan Atlantik Nò yo demontre sa depi lontan, kote prè labank ak depans konsomatè yo konbine pou devlope bon jan aktivite ekonomik.
Ayiti bezwen yon vrè rekonstriksyon toutbon. Estrateji sa yo ka ede peyi a jwenn baz finansyè li pandan l ap chèche rekonstwi enstitisyon politik li yo. Yon kanpay entènasyonal nan tèt ansanm pou sipòte otonomi finansyè Ayiti se vrè entèvansyon Ayiti bezwen an—e petèt se sèl entèvansyon li bezwen.
Atik sa a se Faidherbe Boyer/CreoleTrans ki tradyi li.
Malick W. Ghachem is a professor of history and the head of the history faculty at the Massachusetts Institute of Technology. He is the author of The Old Regime and the Haitian Revolution and a member of the academic advisory board of France’s Foundation for the Memory of Slavery.
More from Foreign Policy

America Is a Heartbeat Away From a War It Could Lose
Global war is neither a theoretical contingency nor the fever dream of hawks and militarists.

The West’s Incoherent Critique of Israel’s Gaza Strategy
The reality of fighting Hamas in Gaza makes this war terrible one way or another.

Biden Owns the Israel-Palestine Conflict Now
In tying Washington to Israel’s war in Gaza, the U.S. president now shares responsibility for the broader conflict’s fate.

Taiwan’s Room to Maneuver Shrinks as Biden and Xi Meet
As the latest crisis in the straits wraps up, Taipei is on the back foot.
Join the Conversation
Commenting on this and other recent articles is just one benefit of a Foreign Policy subscription.
Already a subscriber?
.Subscribe Subscribe
View Comments
Join the Conversation
Join the conversation on this and other recent Foreign Policy articles when you subscribe now.
Subscribe Subscribe
Not your account?
View Comments
Join the Conversation
Please follow our comment guidelines, stay on topic, and be civil, courteous, and respectful of others’ beliefs.